Pandan epòk esklavaj nan Amerik la, te gen 2 kalite esklav sou plantasyon...
"Nèg kay la" se te yon kalite esklav ki t ap viv nan kay la ak mèt esklav li a e "te renmen mèt esklav la plis pase mèt esklav la renmen tèt li." Li te mete bon rad yo te ba li nan ansyen rad mèt la. Li te manje pi byen paske li te manje rès nan asyèt mèt li. Li te rete bò kote mèt la, nan grenye an oswa nan dèyè kay la.
Lè mèt la te malad, li ta di "Sa ki fè chèf nou malad la menm?"
Lè kay mèt la pran dife, li te goumen pi di pou etenn dife a, plis pase mèt li.
Lè youn nan esklav yo vin jwenn li, li di: "Ann kouri, ann sove." Li te tankou, "Mèsi, ou fou." Ki kote nou pral jwenn bon twal rad konsa? Ki kote nou pral viv nan yon kay konsa? Esklav sa a te enstitisyonèl.
Sou menm plantasyon an, te gen "nèg jaden". Li te travay sou plantasyon an pou l te pwodwi rekòt pou mèt la. Li te travay depi se lè koté li te kapab wè devan li, soti depi anvan solèy levé jis aprè solèy kouche. Li abiye ak vye rad, li manje tou vye bagay mèt la ofri l ', li dòmi nan kabin yo lwen kay la... li te veye. Lè mèt la tonbe malad, li priye pou l mouri. Lè kay mèt la te pran dife, li te priye pou yon van vanti dife a epi boule kay la... "epi li te rayi mèt la." Li te entelijan.
Kèk tan anvan li mouri nan lane 1960, Malcolm X te palé sou kòzé sa'a, an patikilye de sitiyasyon ansyen esklav Ameriken yo.
Pandan revolisyon endistriyèl la an Ewòp, ajanda kapitalis yo ak laperèz pou tout esklav yo ta va revòlte sou plantasyon yo pou touye tout blan, jan sa te rive ann Ayiti... te fòse blan Meriken aboli komès esklav, komès esklav transatlantik la, yo te chèche fason pou asire ke Afriken yo vin plis sanble ak "Nèg kay". Kapitalis yo pito "nèg kay". Li te plis soumèt, dosil e li te akonpli lòd mèt li. Ewòp te chèche tou fason pou fè Afriken yo "padone ak bliye sa ki te fè yo mal nan tan lontan, an ansanm ak vre istwa yo, epi anbrase 'istwa yo bali yo' sou esklavaj."
Yo te chwazi misyonè pou jwé yon wòl nan ajiste mantalite Afriken yo anvè menm moun ki te piye yo. Konsa, Kapitalis yo te rive modifye predispozisyon sosyo-politik ak ekonomik Afriken yo. Malerezman, li ta dwe remake ke, depi yo pale de kozè misyonè sa yo nan bon pèspektiv la, kretyen an souvan sipoze ke se relijyon'l yo ke yap atake. Men, nou dwe denonse entansyon malonèt tout mechan ki sèvi ak relijyon pou degize zak kriminèl yo.
Tradiksyon "Insisyativ kreyòl" Kominote ech@nj.
Sous : Pòs Twitter : Typical African "STOCKHOLM SYNDROME of the "house-negro" ", Twitter