Wilky Toussaint sòti ak yon seri 2 videyo dokimantè koté li al chache nan listwa Dayiti sous pwoblèm pwoblèm politik, gè sivil, ensekirite ak brigandaj ke nap viv depi kèk tan nan Peyi Dayiti. Tit dokimantè yo :
- Yon doulè ki pap janm fini
- Men ki kote Ayiti soti l tonbe laa (pati 2)
Kontrèman ak lòt pèp, sanble ke Aysyen pa janm tire leson de Istwa li ak pase li, e sanble ke se yon rekomansman pèpetyèl :
- Pwoblèm ant politisyen ak Laboujwazi.
- Toujou 2 ou 3 gwoup kap goumen pou pouvwa.
- Chak panse se li sèl ki gen verite ak sipò popilè.
- Zafè dyalòg pa gen sa, se gwo ponyèt ki palé
- Gè sivil, kraze boule, fè bak
- Pèp la nan mitan toujou sòt viktim.
Kisa ki fè nou diferan de lòt nasyon sou latè?
Nan 2 dokimantè sa yo, Wilky Toussaint ap chache ede nou idantifye ak konprann fòs ki sou teren an ki la baz konfli sa yo, e li itilize tout sajès li pou envite nou reflechi sou konpòtman nou kòm pèp.
Nou invitew swiv dokimantè sa yo pou ou aprann plis sou dosye sa'a epi sonje *Bay Wilky Toussaint respè li .*
👍🏽👍🏽👍🏽👍🏽👍🏽 Bigòp Wilky sou ech@nj
https://www.echanj.co/bigop/zetwal/wilkytoussaint
Gadé liman dirèk sou YouTube:
Gadé li an dirèk sou YouTube: https://youtu.be/DUrdJlAow0o