
Youn nan prezidan peyi Dayiti ki plis maké Listwa akòz anbisyon li, rèv li ak reyalizasyon li. Malerezman, malgre ke li te yon prezidan pwogresist, li fini manda li kouwè anpil nan prezidan nou yo pa yon koudeta.
Nan chènn pataje sa'a sou ech@nj , nap envitew pibliye, ak pataje konesans ou sou Dumarsais Estimé, epòk li, reyalizasyon li, echèk li. Pa bliye fè kòmantè, poze kesyon nan thread sa'a.
Bigòp ekip linisyativ kreyòl, Gwoup Solidarité ech@nj, ki entwodwi sijè sa'a.
Bigòp
Dekouvri nan podkas sa'a sou YouTube kijan Paul Eugène Magloire te mete fin a prezidans progresis Dumarsais Estimé, kijanli pran Exil ak ki omaj li te fini pa resevwa apre lanmò li. Credit : Jean Julien Compilation YouTube : Edgard Louis
Swiv podkas sa'a sou YouTube pou aprann plis bagay sou Prezidans Dumarsais Estimé, sòti 16 Daout 1946 rivé 10 me 1950. Credit : Jean Julien Compilation YouTube : Edgard Louis https://youtu.be/CEtPMKdPbKc
Ekspozisyon entènasyonal 1949 : Selebrasyon bisantnè Pòtoprens. Youn nan pi gwo reyalizasyon Dumarsais Estimé e ki te fè fyète pèp Ayisyen jiska kèk ane de sa. Nou envite w swiv bèl ti dokimantè sa'a sou reyalizasyon ekspozisyon sa'a e kijan li lakòz an pati de fen manda Prezidan Dumarsais Estimé.
Gwo reyalizasyon fèt men pa gen kontinyite. Gadé ak nou nan ki eta youn nan pi gwo pont peyi Dayiti ke prezidan Estime te inogire.
Mwen pataje ak nou atik sa'a ki parèt sou Loop News Haiti e ki bay yon rezime de reyalizasyon Prezidan Estime pandan manda li a. https://haiti.loopnews.com/content/le-salaire-minimum-est-passe-de-250gds-350gds-sous-ce-president