Gwoup Ekip Pam se yon salon pataje ki afilye nan Kominote ech@nj.
Gwoup sa'a kreye sou WhatsApp pou pèmèt manm ech@nj yo miltipliye pwen Zetwal ech@nj yo, atravè patisipasyon yo nan konkou pwonoskik ak paryaj sou match spò tankòu foutbòl, baskètbòl, tenis, olenmpik etc. Paryaj fèt kont Admin yo ( Kay la) oswa youn kont lòt. Konkou yo fèt sou baz paryaj sou rezilta match ak pyon ki rélé Boul.
Aktivite jwèt sou gwoup sa'a rele Paryaj Pa Nou.
Nan jwèt sa'a ou genyen pwen Zetwal ech@nj selon valè patisipasyon'w, a chak grenn paryaj, kik ou genyen oswa pèdi nan paryaj oswa pwonoskik.
Menm jan ak tout gwoup pataje ak diskisyon nan Kominote ech@nj, ou akimile pwen ak chak kòmantè, vidéo, foto, lyen YouTube, Facebook, Tik Tok ke ou pataje, a kondisyon ke pataje an gen rapò ak spò.
Pou fè fich Paryaj yo w'ap swiv lyen :
Règ gwoup la :
Pou ou patisipe nan paryaj ou dwe :
1) Ouvè yon kont rekonpans nan Kominote ech@nj
2) Fè yon depo 1,000 Zetwal nan kont gwoup la kòm garanti.
3) Peye 1000 Gdes pou enskri ak 500 Gdes kotizasyon chak ané.
4) Peye 250 Zetwal chak mwa.
5) Gen yon minimòm 1000⚽ sou kont ou.
Kijan ou jwé:
Depi yo anonse yon match ou gen 4 fason ou ka fè paryaj.
1) Dyèl: Paryaj nan mitan 2 moun. Youn mande dyèl, yon lòt aksepte. Sa ki genyen an ap jwenn pwen sa ki pèdi an. Match nil pèsòn pap dwè. Dyèl ka fèt pou Boul oswa pou Zetwal.
2) Poul: Tout moun mete menm valè sou ekip yo panse kap genyen. Si se poul, valè pwen sa ki pèdi yo ap pataje egal ego nan mitan sa ki genyen yo. Match nil pèsòn pap dwè. Paryaj Poul fèt pou Zetwal.
3) Kay: Ou parye rezilta yon match kont administrasyon gwoup la. Ou ka parye Viktwa yon ekip oswa match Nil. Si ou genyen wap fè valè ou parye an miltipliye pa kòt rezilta ou parye an, miltipliye pa 1 fwa, 2 fwa 3 fwa selon sa kay la ofri pou jou an. Men, ou gen yon sèl fich Kay pou tout paryaj ou fè nan yon jounen.
Ou oblije parye pou minimòm 3 match pou jounen an pou fich Kay ou valid. Si yon sèl nan ekip ou chwazi yo pèdi, ou pèdi pou tout fich la. Paryaj Kay fèt ak pyon Boul.
4) Extra: Paryaj Extra kite ou parye pou Viktwa oswa Match Nil. Gwoup la peye Boul selon kòt paryaj ki afiche sou App oswa sit Sofascore la. Si yon kòt pa afiche pou match sa'a, n'ap itilize 1.5 .
Kalkil la se ([montan ou parye an] x [kòt rezilta an ] ) - [ montan ou parye an]
Egzanp :
Wap parye 10,000 Boul : Extra : Viktwa Barcelone. Kòt viktwa Barcelone: 2.5
Si Barcelone genyen, w'ap fè:
10,000 x 2.5 = 25,000
25,000 - 10,000 = 15,000
Ou genyen 15,000 Boul
Si ou te fè menm Paryaj sa'a nan Paryaj Kay, koté Miltiplikatè Kay pou jounen an se 2, ou tap genyen 2 fwa menm kantite Boul yo, kidonk : 30,000 Boul.
Kòt rezilta yon match ka verifye sou App "Sofascore". Lè pa gen kòt ki afiche, kòt ke n'ap itilize se 1.5 .
Kijan pou ou fè fich Paryaj ou:
Pou ou bay paryaj ke wap fè an fòk ou antre li nan yon fòmilè online.
Lyen pou ou jwenn fòmilè an toujou pataje sou gwoup WhatsApp la chak maten ansanm ak lis match yo.
Ou ka jwenn lyen an tou sou sit : https://echanj.online/ekippam
Swiv ti videyo sa'a ki ap montré ou kijan pou ou ranpli fich la.
Règ adisyonèl:
1. Chak paryaj gen yon abit ki chwazi nan mitan Admin Gwoup la pou jounen an.
2. Paryaj yo se pou minimòm 500 Boul. Gadé tablo sa'a pou konnen maksimòm yo selon kategori Paryaj yo.
Paryaj Maksimòm Maksimòm
Pa ekip Pou jounen
Kay 5 000⚽ 10 000⚽
Extra 5 000⚽ 10 000⚽
3. Pou chak paryaj Dyèl oswa Poul, chak patisipan ap peye frè abit la ki se 100 Zetwal.
4. Abit pap touche si match pa jwe oswa match pa fin jwe.
5. Tout paryaj dwè fèt avan match.
6. Pèsòn paka chanje sa li parye pandan match.
7. Ak depo 1 000 Zetwal li, yon patisipan gen 10 000 Boul kredi.
8. Si yon patisipan pèdi tout Boul li yo, lap oblije fè akizisyon yon lòt valè Boul pou kontinye jwé. L'ap dwe peye 250⭐ pou 1 000⚽.
9. Yon manm ka achte plis Boul pou ogmante valè kredi li. Nan ka sa'a chak kantite adisyonèl Boul li peye ap ajoute sou balans kredi li.
10. Yon patisipan dwe kòmanse yon mwa ak yon minimòm 4,000 Boul kredi pou li otorize patisipe nan paryaj nan mwa an. Si li pa gen asé balans, li dwe sèvi ak pwen Zetwal pou balans kredi Boul li rivé minimòm la oswa depase li.
Kisa w'ap jwenn lè ou genyen.
Ou parye ak pyon Boul, w'ap genyen pyon Boul. Pyon Boul yo sèvi sèlman pou klasman patisipan yo nan konkou an pou jounen an, pou mwa an, ak pou ane an. Boul yo paka konvèti ni an pwen Zetwal ni an lajan.
Kisa w'ap jwenn kòm rekonpans lè ou patisipe?
Paryaj Pa Nou se yon similasyon jwèt paryaj spòtif sou nèt la. Li pa jwé pou lajan. Oken manm pa otorize ni resevwa ni bay lajan pou jwèt sou gwoup sa'a. Se yon aktivite divètisman pou manm kominote ech@nj.
Pakont, ou ka jwenn prim ak kado ak pwen Zetwal ou sou boutik Privilèges Kominote an.
W'ap ka jwenn minit téléfòn, yon pakèt atik elektwonik, jwèt, liv, bagay pou kay, koupon rabè, koupon kach transfè pou resevwa lajan sou telefòn ou. Wap ka sèvi ak pwen Zetwal ou tou pou yon bann sèvis nan kominote ech@nj.
Swiv lyen sa'a pou aprann plis sou pwen Zetwal ech@nj.
Si'w vle konprann plis kijan kominote ech@nj fonksyone ak lòt fason pou ou lage pwen sou kont rekonpans ou, swiv lyen Byenveni nan Kominote ech@nj.
Kijan ou jwenn Zetwal ech@nj pou patisipasyon ou ?
Wap jwenn pwen Zetwal ech@nj selon kantite paryaj Boul ou fè ak valè Boul ou riske ak chak Paryaj. W'ap jwenn menm valè Zetwal la kik ou genyen kik ou pèdi paryaj yo.
Men kijan nou peye Zetwal.
Pou Extra:
5⭐ pou chak grenn paryaj
15⭐ pou chak 1 000⚽ ou parye pou jounen an.
Pou Kay:
Menm kalkil ak pou Extra, miltipliye pa faktè miltiplikatè Paryaj Kay ki anonse pou jounen an.
Egzanp:
Ou parye sou 4 match.
Match 1 : 5 000⚽
Match 2 : 3 000⚽
Match 3 : 1 500⚽
Match 4: 500⚽
Total : 10 000⚽ = 10x 1000⚽
Pou Extra:
Wap jwenn: 4 x 5⭐ = 20⭐ plus 10 x 15⭐ = 150⭐
Total Zetwal Extra: 170⭐ pou jounen an.
Pou Kay:
Se pral menm kalkil la ki ap bay 170⭐, sòf ke rezilta sa'a ap miltipliye pa faktè miltiplikatè Paryaj Kay pou jounen an.
Si Miltiplikatè Kay se 3 , sa va bay 170⭐ x 3 = 510⭐
Total Zetwal Kay: 510⭐ pou jounen an.
Zetwal Ech@nj pou klasman nan konkou an.
1) Patisipan ki genyen plis boul nan yon jounen ap jwen 500⭐ bonis .
2) 3 patispan ki genyen plis boul nan mwa an ap jwen bonis sa yo :
1e Plas: 5 000⭐
2e Plas: 2 500⭐
3e Plas: 1 500⭐
3) 5 patisipan ki genyen plis boul nan yon ane ap jwen yon meday ak bonis, plis lòt prim ak kado ki ka anonse:
1e Plas: 50 000⭐
2e Plas: 25 000⭐
3e Plas: 15 000⭐
4e Plas: 10 000⭐
5e Plas: 5 000⭐
Lòt mwayen pou jwenn Zetwal sou gwoup sa'a:
Pou chak mesaj konvèsasyon: 10⭐
Pou chak vidéo oswa lyen YouTube, Facebook, Tik Tok : 25⭐
Pou chak tèks ou pataje: 1⭐ pa mo.
De tanzantan, w'ap ka genyen Zetwal pou kesyon/repons konesans sou ekip, jwè, rezilta match yo , spò an jeneral.