Patisipe nan kominote ech@nj !
Maké pwen ech@nj !
Jwenn plis avantaj ak sèvis !
Ech@nj se esansyèlman yon pwogram maketing kooperatif ak e-biznis ki devlope pa òganizasyon "Group ech@nj", yon asosyasyon pwofesyonèl ayisyen ki soti nan divès orijin. Pwogram ech@nj la prensipalman fèt pou manm kominote ayisyèn la ki Ayiti e ki prezan atravè lemonn.
Pwogram sa a baze, yon bò, sou devlopman ak animasyon yon gwo "kominote sou entènèt" epi, yon lòt bò, sou òf "e-commerce" ak sèvis pwofesyonèl pou benefis manm yo nan kominote sa a.
Avèk deviz li "Konfyans, pataje, avantaj" objektif kominote ech@nj la se ankouraje kreyativite, pataje konesans, enfòmasyon, byen ak sèvis ant manm li yo, epi ankouraje yon klima konfyans pandan kolaborasyon, pwojè, entèraksyon, ak negosyasyon nan kominote li a.
Gras a pwogram rekonpans ak lwayote li yo, ak sistèm motivasyon li atravè divètisman (Gamification), Kominote ech@nj ankouraje kontribisyon ak angajman manm li yo nan espas konvèsasyon ak pataje li yo, pandan yap kenbe yon atmosfè amizan nan respè mityèl.
Patisipe nan echanj òdinè oswa serye nan kominote nou an vle di tou patisipe nan yon fòm jwèt divètisan sou entènèt. Plis manm angaje ak kolabore, se plis yo akimile pwen; lè yo akimile pwen, yo gen opòtinite pou yo onore ak rekonèt pou kontribisyon yo nan kominote nou an. Yo jwenn avantaj tou pou yo kapab chanje pwen yo pou atik ki soti nan boutik rekonpans kominote a, oswa jwenn kredi, rabè ak kachbak lè yo achte sou Makètplés Gwoup Komèsyal ech@nj yo, oswa lè yo benefisye sèvis lòt manm yo ofri. Yo ka tou, si yo vle, sèvi ak pwen yo pou ankouraje inisyativ lòt manm oswa bay yo pou sipòte yon kòz sosyal.
Dèske li opere sou modèl yon mikwo-kominote ekonomik enklizif, ech@nj se tou, pou jèn pwofesyonèl, yon platfòm pou inovasyon, eksperimantasyon, ak devlopman nan fè biznis ak kreyasyon valè.
Pou aprann plis sou kominote nou an, pa bliye vizite sit Entènèt nou an:
https://www.kreyol.echanj.online/ (Vèsyon kreyòl)
http://www.groupechanj.com/ (Vèsyon fransè)
Rejwenn nou nan Kominote ech@nj depi jodia !Pa gen okenn frè pou sa.
Https://www.echanj.co/register/
Nou swete w yon bèl eksperyans nan kominote ech@nj la.