Jodi a nou selebre 3yèm anivèsè Gwoup ech@nj, asosyasyon pwofesyonèl ki te reyini ansanm pou mete kanpe Kominote ech@nj ansanm ak platfòm kolaborasyon ak e-biznis li yo.
Pandan tout jounen 21 jen sa a, manm kominote a ap gen opòtinite pou yo touche bonis: koupon pwen Zetwal ak minit apèl.
Yon seremoni fòmèl ap fèt, sou yon gwoup WhatsApp pwovizwa ki louvri sèlman pou evènman an, apati 7 p.m.
Pandan seremoni sa a, 25 manm ki te distenge tèt yo an 2022 pa kontribisyon yo ak patisipasyon eksepsyonèl nan kominote an pral jwenn sètifika rekonesans ak lòt prim.