Si ou te enpresyone pa seyans nan yon film koté nou wè motosiklèt ap deplase san yo pa manyen atè. Fiksyon sa'a gentan tounen yon reyalite. N'ap prezante'w XTurismo hoverbike: Premye moto ki kapab volé, ke start-up Japonè Aerwins Technologies devlope.
AERWINS ki se yon nouvo antrepriz Japonè devlope premye motosiklèt ki kapab volé nan mond lan. Li deja pou vant nan Japon e gen yon vèsyon ki pi piti ke yo prevwa lage Ozetazini an 2023 ak yon pri estime a $ 777,000. Gadé videyo a sou YouTube, tape sou imaj la.