"Konfyans, pataje ak avantaj"
Se deviz kominote ech@nj la, men se tou 3 mo ki kapab plis eksprime espri peryòd fèt fen lane yo.
Konfyans ke nou santi lè nou rasanble ap fèté ak fanmi nou, ak moun nou renmen, ak zanmi nou. Konfyans pou nou ansanm, pou nou palé tout bagay.
Konfyans tou, pou nou pataje; pataje kado, pataje bwason, pataje manje, oswa pataje yon souri.
Avantaj ke nou jwenn nan ti moman pè sa'a. Satisfaksyon ke nou genyen nan tèt kole youn ak lòt, plezi ke nou jwenn nan bliye pandan yon moman difikilte la vi a.
Group ech@nj remèsye tout manm li yo pou patisipasyon yo, angajman yo, ak gwo tèt ansanm sa'a pou nou fè yon bagay ki diferan. Lap pran ti moman sa'a pou swete tout manm li yo, selon konviksyon yo, "Bòn fèt Makaya" oswa "Joyeux Noël" nan pè, nan lanmou, nan pataje, ak nan kè kontan. Nou swete'w yon ane 2023 an pè, nan lasante, ak pwogrè.