Jwèt Bingo a senp.
Chak patisipan gen youn jiska sis kat Bingo.
Kat yo make BINGO anlè yo. Chak lèt anlè yon kolòn vètikal ki gen 5 nimewo ladan'l.
Animatè jwèt la genyen pou anonse chak boul ki tonbe. Boul yo gen yon lèt ak yon nimewo.
Depi kòmansman jwèt la, tou make kaz nan mitan an ak App ke wap itilize an. Fè li ak yon ti grenn pwa, mayi oswa yon ti wòch si se kat papye oswa katon ke wap itilize nan jwèt la.
Depi yon boul anonse, chache lèt la nan tèt kat ou a, epi desann ak dwèt ou pou gadé si ou gen nimewo an anba lèt la sou kat ou.
Si ou jwenn nimewo an, maké kaz la ak App ke wap sèvi an, oswa yon grenn pwa, mayi oswa ti wòch si wap jwe ak yon kat katon oswa papye.
Depi ke ou rivé aliye 5 kaz maké ( vètikal, orizontal oswa dyagonal, konnen ke ou genyen. Lè sa ou kouri tape Bingo sou gwoup la .
Animatè an ap kanpe jwèt la pou verifye si se vre.
Premye moun ki fè yon vre BINGO genyen pati a, ansanm ak prim rekonpans ki te anonse yo.