Chè manm kominote ech@nj,
Peryòd fèt la, se pi bon moman pou nou selebre valè ki chè pou nou yo: Konfyans, pataje, avantaj. Mo sa yo, ki gide aksyon nou pandan tout ane a, pran yon siyifikasyon patikilye pandan jou sa yo.
Konfyans nan kè tout relasyon, kit ak fanmi nou, zanmi nou, oswa menm, nan kominote nou an. Li se fondasyon echanj nou yo, diskisyon nou yo, negòs nou yo, ak sipò mityèl nou andedan kominote a.
Pataje se nanm selebrasyon fèt fen ane yo. Pataje yon repa, kado, oswa tou senpleman yon ti moman kontantman ranfòse lyen ki ini nou yo.
Avantaj lajwa ak espwa ke ti moman lapè sa yo mennen pou nou. Yo pote satisfaksyon, byenèt ak yon ti poze byen merite sou difikilte lavi a. San nou pa bliye ti kado ke nou resevwa ansanm ak lanmou fanmi nou ak zanmi nou.
Sou bò pa nou, nou ta renmen remèsye'w, pou angajman'w ak kolaborasyon aktif ou kòm manm kominote ech@nj. Ansanm nou kontinye devlope yon fratènite ak yon eksperyans ki inik e ki presye.
Nan fen ane a, selon kwayans ou, nou swete'w, yon "Jwaye Makaya" oswa yon "Jwaye Nwèl". Se pou fèt sa yo pote lapè, lanmou, pataje ak lajwa.
Ak tout kè nou, nou swete pou chak grenn jou nan nouvo ane sa'a pòte lakay ou lapè, sante ak pwogrè.
Ak tout rekonesans nou,
Komite Kowòdinasyon Kominote ech@nj