
Espas ech@nj yo se yon salon vityèl koté manm yo rankontre pou kontak ak konvèsasyon, pou pataje konesans, dekouvèt, nouvèl, foto, vidéo, voice, mizik epi diskite sou de tematik spesifik. Se gwoup pataje ak diskisyon sou nèt la kote manm ech@nj rankontre pou kominike, rankontre nouvo pèsonaj, divèti yo, aprann epi fè negòs.
Nou gen espas ki sou sit web ech@nj, sou App Spaces by Wix, sou WhatsApp, sou Facebook ak sou Telegram. Nou gen presans nou tou sou Instagram.
Tout espas ech@nj yo pèmèt ou akimile pwen nan pwogram motivasyon ak rekonpans kominote nou an. Koté nou ka rekonèt valè ou ak kontribisyon'w nan kominote an, bawou sètifika rekonesans. Yo gen konkou tou ki pèmèt ou genyen prim ak kado.
Pou kòmanse eksperyans ou ak ech@nj, nou envite'w chwazi omwen 2 espas (Gwoup WhatsApp ech@nj) pou gen yon ide de kijan kominote nou an fonksyone sa ki fè nou diferan e wè avantaj li.
Teke sou lyen sa'a pou dekouvri gwoup tematik pataje nou yo sou WhatsApp.
Telechaje App Spaces epi benefisye de eksperyans Ech@nj Premium la.
Si ou poko manm kominote an, e ou pòko gen yon kont pwen rekonpans ech@nj? Enskri'w dabò nan Kominote a. Pa gen okenn frè pou sa. Tape sou lyen sa'a :
Je m'inscris 👍 Dim plis sou enskripsyon yo
Plis enfòmasyon sou Kominote ech@nj,