BYENVENI NAN GROUP ECH@NJ
«Konfyans – Pataje – Avantaj»
Vinn jwenn nou nan kominote komès, divètisman, kolaborasyon ak pataje nou an!
Jwenn bon dil, negosye, fè kontra, achte, vann, bay sèvis pwofesyonèl, kolabore avèk konfyans.
Dekouvri aktivite ak règleman fonksyonman nou yo. Kòmanse jwen avantaj epi ekonomize lajan depi jodi a!
VOKASYON NOU
Ankouraje komès sosyal
Misyon Ech@nj se bati konfyans ant vandè ak achtè, founisè ak benefisyè nan sèvis, tout kolaboratè nan yon inisyativ komen. Objektif li se ankouraje ak fasilite akò ak tranzaksyon ant moun oswa biznis, sou entènèt, offline ak sou medya sosyal.

GWOUP PATAJE
Jwenn rekonpans pou angajman'w !
Patisipe nan gwoup pou pataje enfòmasyon sou komès epi divètisman. Jwenn pwen Zetwal ak Privilèj ech@nj lè ou patisipe nan diskisyon, konfime prezans ou, reponn sondaj. Wap fè pwen tou lè ou genyen nan konkou, epi pou lekti anons piblisitè biznis ki ap sipòte nou yo.

KATALOG REKONPANS
Tout rekonpans ke ou ta renmen genyen !
Remèt pwen ou yo pou'w ka jwenn bel atik ki nan katalòg rekonpans nou an. Ou ka jwenn tou: Bon pou achte, koupon rabè, sètifika kado, minit apèl nan telefòn, tikè raf, abònman gratis, plan sèvis ech@nj yo.
Ou ka bayy pwen ou yo oswa sipòte yon kòz ki tou pre kè ou.

SÈVIS POU MANM ECH@NJ
Benefis adisyonèl lè wap achte sou gwo sit entènet yo !
Ou ap chèche pou yon atik ki pa disponib nan sant komesyal ech@nj lan. Jwenn li nan nenpot magazen sou entènèt ke ou renmen nan Etazini, epi kite Sèvis asistans Ht Toupatou jwenn pi bon avantaj pou ou. Lap soumèt ou yon fakti proforma, epi si ou dako, lap fè acha an pou ou, epi pran swen nan enpòte ak livrezon atik la nan kay ou.
Sonje ou touche pwen ak chak acha sa yo tou.

OPOTINITE SOU ECH@NJ POU JÈN YO
Tan'w vo lajan !
Envesti tan ou epi jwenn anpil avantaj nan nouvo ekonomi an. Jwenn okazyon bayy tet ou travay epi fè kob nan Group ech@nj. Travay kòm yon enfliyansè, animatè gwoup, pwomotè maketing afilye, pwodiktè kontni, manadjè magazen sou entènèt, vandè, devlopè app, konseye, fomatè, elatriye.
Vinn jwenn nou nan Gwoup ech@nj !
